FOUBÒL LÒT BÒ DLO/LIGA: REAL MADRID KOULE NAN BÈNABEWOU AN.

Foutbòl lot bò dlo/ 24è jounen liga a

Lakay li, ekip Real Madrid la koule nan dezyèm mitan an pou  24triyèm jounen liga a fas a Girona (1@2).

Jounen dimanch 17 fevriye 2019 lan, nan kad 24è jounen liga a. Lidè a Barcelone vin gen (9) pwen anplis real konnye a. Men kisa ki pase nan dezyèm mitan an? Se kesyon tout fanatik real yo ap poze. Pèdi devan Girona (2@1), poutan yon match ki te parèt fasil nan premye mitan an. Nan dezyèm peryòd lan Real krake e tonbe. Aprè defèt sa a rival yo Barcelone vin gen (9) pwen anplis.

Girona, te 17è anvan match lan,se pat yon advèsè difisil pou Mèlenge yo sou papye. San sipriz, kasablanka yo mennen nan premye mitan an, gras ak Casemiro (25è). Ekip solari an kreye plizyè aksyon gòl tankou sou sant Odriozola a men Benzema te twò kout pou reprenn balon an (31′). Nan (49′) atakan fransè a tire sou poto. Se petèt twòp fatig aprè viktwa difisil sou Ajax nan lig dèchanpyon an (2@1).

Aprè plizyè arè desizif devan Stuani (2è, 19è) e yon gwo parad devan Lozano (59′), Courtois te pèdi fwa sa a devan Stuani sou penaliti (65′) epi Portu pwal tiye real nan (75′), met match lan 2@1), anplis Ramos pwal pran katon rouj.

Real te rete sou (8) viktwa sou (10) dènye match nan liga a.

Peterson Louis.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …