LIG DÈ CHANPYON/1/8 DEFINAL: LYON SOVE YON MATCH MATCH NIL DEVAN EKIP FC.BARCELONE NAN.

Lyon fè yon match nil (0-0), jounen madi an kont FC Barcelone nan 1/8 definal ale, nan lig dèchanpyon an. Rodanyen yo pwal tante al chèche Kalifikasyon yo 13 mas nan kannou an.

Ol konfime jounen madi a ke yo renmen jwe ak gwo ekip menm si Barcelone te domine yo anpil. Lyon te byen defann padan tout match lan epi rache match nil lan (0-0).

Poutan nou pa ka di Barça pat itilize tout fòs li, pou pi piti fè yon gòl deyò, ki t’ ap enpotan anpil. Men jwè valverde yo pat reyisi okazyon yo te kreye yo, malgre yo choute 25 fwa men se 5 sèlman ki te kadre.

Pandan 25 premye minit yo, Barcelone te tire 8 fwa men pat janm rive twonpe Anthony Lopes, gadyen Lyon an. Messi, Suarez e Dembele rate plizyè okazyon. Lopes reyalize yon gwo match avèk anpil arè enpotan (19′,65′,74′,75′,86′), ni gadyen Barcelone nan (5′,8′,61′).

Nan fen match lan, nou te vin ap asiste yon atak kont defans, Barça te tante tout mwayen pou jwenn yon gòl nan match lan, men yo pat konkretize aksyon yo te jwenn yo. Sa ki tap enpotan pou match kap fet 13 mas nan kannou an. Men defans Lyon an pat pliye. Se veritab yon ekspwa paske nan 6 match Lyon jwe ak Barcelone deja, li toujou pran pou pi piti yon gòl. Lyon toujou gen desten l nan men l . Èske ap ka al defye Barcelone nan kannou an ?

Peterhayoo.fr@gmail.com

Kredi foto: foot221

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …