Nouvèl lot bò dlo/ Boukinafaso : Boukinafaso inogire yon gwo estati Thomas Sankara.

Nan Boukinafaso, wagadougou inogire jounen samdi 2 mas 2019 lan yon gwo estati kapitèn Thomas sankara, seremoni sa a fèt an prezans prezidan Boukinafaso a ak ansyen prezidan ganeyen an John Jerry Rawlings.

Estati prezidan Thomas sankara e douz kanmarad li yo reyalize pa yon skilptè boukinabè, sou sipèvizyon Jean Luc Bambara.
Li mezire 5 mèt nan wotè epi 4 mèt nan lajè sa fè yon total 9 mèt.
Aboutisman ak zèv sa a se yon pa enpotan nan pwosesis konskriksyon yon memoryal Thomas Sankara daprè kolonèl majò a, Bernard Sanou, prezidan komite entènasyonal memoryal Thomas Sankara a. Yon isyativ ke Lydie Sankara salye, ki se sè papa revolisyon boukinabè a, li di l ap tann fen pwosedi jidisyè yo. << Nou swete kounye a jistis pou tout viktim 15 oktòb yo, ke limyè fèt pou jwenn tout koupab yo >> deklare Lydie.

Pou prezidan boukinabè a, Roch Marc Christian Mabore, lide e aksyon kapitèn Thomas Sankara dwe rete kòm yon pwatrimwa n pou jenerasyon k ap vini yo. Prezidan an kontinye pou di ke <<rechèch lajistis yo ap kontinye e nou gen espwa ke n ap rive jwenn koupab yo>>

Estati a konstri nan zòn kote 15 oktòb 1987, papa revolisyon boukinabè a ak tout kanmarad li yo te asasine. Yon espas prezidan boukinabè a Roch Marc Christian te vizite ansanm ak asyen prezidan ganeyen an, Jerry Rawlings.

Peterson Louis.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …