AYITI/NOT: DIREKTÈ ONA A CHESNEL PIERRE ADRESE LI AK FANM YO POU JOUNEN MONDYAL DWA FANM NAN.

Nan yon nòt ke direksyon jeneral Ona a soti jodi vandredi 8 mas 2019 la ki se yon jou ki sakre jounen entènasyonal dwa fanm direktè enstitisyon sila mèt Chesnel Pierre salye kouraj tout fanm e fè yo konnen enpòtans yo nan sosyete a.

Direktè a fè konnen li konn enpòtans fanm nan vi a se pou sa li gen  pase yon ventèn fanm nan direksyon ke lap dirije a, se pou sa li kreye plizyè program sosyal tankou ONAFANM ki la pou ede medam yo jwenn lajan pou yo ravitaye ak yon ti to san difikilte e gen lòt pwogram ki la pou yo tankou ONAPAM.

Mèt la deklare medam yo se madanm nou, manman nou sè nou e se tout fòs viv nasyon an yo merite respè ak ankadreman nou tout gason nan sosyete a.

Hubert.emmanuel@ymail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …