GOUVÈNMAN AN PRAN GWO INISYATIV POU RELANSE KOMISYON POU DEZAMEMAN SOU TÈRITWA NASYONAL LA.

Popilasyon ayisyèn nan k’ap viv a gwo kè kase sou tout tèritwa nasyonal la akoz bandi k’ap taye banda san pwoblèm ak gwo zam fann fwa ta dwe rale yon souf gras ak yon komisyon prezidan repiblik la Jovenel MOÏSE mete sou pye nan lakou palè nasyonal ayè lendi 11 mas 2019.

Objektif komisyon an ki gen pou ti non CNDDR ki vle di komisyon nasyonal dezameman demankle ak reyensèsyon, li la pou pèmèt bon jan mezi pran pou desitire fenomèn sa k’ap ravaje sekirite nasyonal la.

Premye minis repiblik la Jean Henry CÉANT se premye chèf ki gen tout responsabilite pou pèmèt komisyon sila reyisi nan kolabore ak plizyè òganizasyon k’ap travay nan sektè sekirite peyi dayiti.

Komisyon sa gen nan tèt li Edwine FLOREXIL ki gen  gen plizyè manm tankou Innocent JOSEPH, Jean Rebel Dorcenat, Lucien Jean CHENET, Rodiny JEAN-BAPTISTE, Jude JEAN-PIERRE, Frantz TOYO, Abler KOUDY, Lalanne GREATZ, Marie Lydie Sironnel CHARLES, anpil je fikse sou komisyon sila ki ta dwe bay bon jan satisfaksyon a tout kouch viv peyi dayiti ki pa sispann pran presyon akoz gwo zam k’ap distribiye ilegal nan peyi a.

josephjemsley814@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …