ESPÒ REAL MADRID: ZIDANE TOUNEN NAN TÈT REAL MADRID.

Zinedine zidane ofisyèlman se nouvo antrenè Real Madrid jounen lendi 11 mas 2019 la, pou yon kontra 3 zan. Fransè a te kite fonksyone sa a nan me 2018. Aprè l te fin genyen twa lig dèchanpyon.Nèf (9) mwa aprè divòs lan, ZZ tounen nan tèt ekip lan ankò, nan yon moman kriz pwofond.

Separasyon ant Real Madrid e Zidane dire sèlman 9 mwa e se yon separasyon katastwofik pou klèb espanyòl la. 5 mas dènye Ajax imilye yo epi elimine yo nan lig dèchanpyon, yon konpetisyon ke yo pran twa fwa yonn aprè lot (2016,2017,2018). Kelke jou anvan yo pèdi de fwa devan Barcelone, yonn nan koup despay (3@0), yon lot nan liga a (1@0).

Yon sezon katastwofik.

Twa defèt swivi sa yo, se sinonim sezon blanch nan kasablanka a. Antrenè ajanten an, Solari pèdi djòb li ofisyèlman jounen 11 mas lan pou yon bilan 32 match (22 viktwa, 2 Nil , 8 defèt), apresye pou travay li e lwayote li toujou genyen pou klèb lan endike nan yon kominike klèb lan bay. Ansyen milye tèren an, te ranplase Julen Lopetegui revoke nan oktòb dènye aprè yon rakle devan Barcelone (1-5). Solari te kòmanse avèk plizyè bon rezilta men kèk jou Real pèdi tout bagay.

Zidane tounen lakay li.

Nan yon kontèks difisil. ZZ ki gen 46 zan retounen nan tèt yon ekip ke l deja ranpòte 15 tit. 6 kòm jwè (2001-2006) e 9(2016-2018) antanke antrenè. Nan me 2018, aprè Real te fin chanpyon nan lig dèchanpyon, ansyen menè de je Real la te bay yon sipriz ak tout moun, lèl te chwazi kite ekip lan, petèt zidane te santi jwè l yo pap ka fè yon sezon.

ZZ siyen yon kontra kap bout an 2022. Èske zidane ap ka bay ekip lan konfyans pou fen sezon an?

Peterson Louis

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …