Christiano Ronaldo masakre ekip Athletico Madrid la jodi madi 12 mas 2019 la nan match retou uityèm de final lig dè chanpyon an (3-0) jwè 34 lane a pat pran tan pou te mete ekip Athletico a nan reponn kesyon.
Ekip Juventus la ki te tonbe nan match ale a (0-2) kay ekip Athletico a rive fè remontada a gras ak Christiano Ronaldo ki make twa (3) gòl, byen bonè nan 27tyèm minit Christiano ta pral make premye gòl la, nan kòmansman dezyèm mitan match la pòtigè a ta pral mete espanyòl yo nan mache prese apre yon gòl tèt nan 48tyèm minit, nan 86zyèm minit Christiano Ronaldo ta pral touye tout rèv espanyòl e pèmèt ekip li a Juventus jwenn biyè ka de final yo.
Hubert.emmanuel@ymail.com