AYITI BASKÈT ACHBAC: ONA DIRI MEGA YON MACH CHÒK POU SENKYÈM JOUNEN AN

ONA ap twoke kòn li demen samdi 16 mas 2019 la ak ekip DIRI MEGA a nan CFC Babyòl a 6:30 nan apre midi, yon match ki anonse anpil koulè ke anpil moun ap tann.

Ekip ONA a ki rete sou twa (3) viktwa pou twa (3) match ke yo jwe e ki genyon match an reta ke yo pat rive jwe ak ekip sogebank lan akoz peyi a te lòk ap gen pou rankontre DIRI MEGA bò kote pa yo ki yo menm sou kat (4) viktwa pou kat (4) match jwe,  yon match chòk selon anpil moun koz de (2) ekip yo konsidere kòm meyè ekip chanpyona a.

Nan yon deklarasyon avan match Coatch Alexandre Lemoine ak youn nan asistan li yo St Hubin Makensie fè konnen ekip la motive anpil pou match sila a e yo pral fè tout sa yo konnen sou tèren an pou fè  viktwa a, manager ekip la Stephan Dolteus ki rekonèt ke Ekip Mega a se youn nan gran favori yo fè konnen gras ak gwo ankadreman direktè jeneral la Chesnel Pierre ba yo, yo pa pè okenn ekip.

Hubert.emmanuel@ymail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …