AYITI POLITIK: PREZIDAN REPIBLIK LA PREZANTE JEAN MICHEL LAPIN  KÒM PREMYE MINIS AI.

Prezidan repiblik la Jovenel Moise prezante jodi jedi 21 mas 2019 la nan palè nasyonal Jean Michel Lapin kòm premye minis AI pou jere afè kourant.

Jean Michel Lapin ki te nan tèt ministè kominikasyon jwenn benediksyon prezidan repiblik la Jovenel Moise pou ranplase Jean Henry Ceant nan tèt primati a apre li fin pran yon palavire nan men depite yo lendi 19 mas pase a kote 93 depite te pran yon rezolisyon pou voye li ale malgre sena tap tante sove li.

Premye minis ai a ki te pran la pawòl fè konnen moman an pa pou diskou li deklare ke yo pral met tout pwa yo nan balans lan pou rezoud pwoblèm ensekirite a, pou atake pwoblèm lavi chè a pwoblèm sante a ak edikasyon an li te tou pwofite remèsye prezidan peyi a Jovenel Moise  dèske li fè li konfyans pou jere afè kourant yo.

Hubert.emmanuel@ymail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …