AYITI ESPÒ: DUCKENS NAZON PÈMÈT AYITI JWENN PLAS LI NAN LIG A CONCACAF LA

Nan yon estad Sylvio Cator ranpli avèk sipòtè grenadye yo, ki te al chofe ekip Ayiti a.Tout moun tap tann viktwa seleksyon nasyonal la avèk anpil enpasyans,yon viktwa ki tapral vin posib gras avèk atakan pa tante nou Duckens Nazon.

Aprè li fin netwaye anviwon 5 a 6 Kiben nan zòn sifas reparasyon an epi antre mete balon an nan filè a,lè sa match la te nan 25 minit ,Duckens Nazon tapral bay poulen Marc Collat yo avantaj nan premye mitan match la.

Nan dezyèm mitan match la, grenadye yo ta pral bese fizikman sa ta pral koz Kiben yo byen metrize jwèt la epi mete match la a egalite, (1-1) gras avèk Luis Paraderas nan 60 tyèm minit match la.Aprè egalizasyon an,sipòte yo te toujou rete konfyan avèk menm objektif la ki se chofe viktwa grenadye yo.

Ankò yon lòt fwa, se gras avèk yon bon Duckens Nazon ki bay Kevin Lafrance yon pas desiziv epi Kevin ta pral byen itilize pas la pou jwenn zòn verite a epi saw tande grenadye yo ta pral sebre (2 -1) an.
Aprè dezyèm gòl sa a,estad Sylvio Cator a eklate ak bri fanatik kap chofe grenadye yo Li jwe yon bon epi yon bèl match pou Ayiti.

Aprè viktwa sa a,Ayiti jwenn plas li nan lig A Concacaf la. Konsa se avèk fyète grenadye yo ap tann Gold Cup la kap vini nan mwa jen an, pou yo al pote plis plezi bay fanatik yo.

Florestal Wilky

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …