AYITI ATIS: YONYEET-NOVEDAD, YON NON, YON ATIS AK TOUT ISTWA’L

Vrè non li se FLORESTAL WILKY-KAGARÚA,men yo plis konnen’l sou sèn mizikal la sou non YONYEET-NOVEDAD.

Li tapral pran nesans yon mèkredi swa ki te 9 jiyè nan lane 1997, sa ki etonan se paske 9 jiyè 1998 ki ta pou bay Yonyeet-Novedad 1an,eben jou anivèsè a li te sibi yon aksidan pandan paranl tap mennen’l al wè fanmi’l okap. Yonyeet-Nivedad grandi Beladè(plato santral) nan yon katye ki rele kwafè,a 11ans yo te konnen’l kòm foutbolè ki te pi talantye nan zòn li an,nan lane 2010 yo te menm metel nan lis moun ki pou al reprezante Ayiti nan operasyon mondyal ki tapral fèt 8 lane aprè a.Nan lane 2013 li te deside pa jwe foutbòl ankò akoz pwoblèm sante li,swit avèk yon pwoblè’m respiratwa aprè li te fin jwe yon match yon 9 jiyè.Nan menm lane a li te kite plato santral pou rantre pòtoprens pou’l te al kontinye etid segondè li nan Lycée Alexandre Pétion,se apati de la li tapral kòmanse montre talan li nan yon melanj ant rap,pwezi ak slam,li fini ak etid li nan lane 2017.

Estil mizik yonyeet fè a se yon melanj ant slam ak rap.Premye tèks li tapral pibliye a gen pou tit « SIM TE GEN POUVWA »se te nan lane 2017 nan mwa oktòb avèk patisipasyon Atis-Brunet.Tèks sa tapral fè anpil moun konn atis la fèl jwe nan kèk lekòl jiskaske li arive mete deyò yon slamour ki gen pou tit « SE SAK LANMOU ».Pi bèl moman atis la tapral kòmanse avèk premye slamour li ki te fèt ak tout video ki gen pou tit « SA JIS WAW » avèk patipasyon yon jèn rapèz ki rele DIAMAN QUEEN.Se avèk tèks sa Yonyeet-Novedad ta pral vin gen plis fanatik ak plis zanmi kap swiv li,tèks sa te pèmèt li jwenn èd kèk zanmi ki te edel pibliyel,se menm tèks sa ki tapral pèmèt li fè kèk toune medyatik nan kèk medya tankou:TNH avèk èd Pè Toma,radyo melodi,radyo Emansipasyon sann pa bliye chèn 38 Tv CANAL BLEU ak radyo Planèt kreyòl. SA JIS WAW se mizik slam prefere Yonyeet,malgre anpil zanmi ak fanatik li pi renmen slam ki gen tit SIM TE GEN POUVWA a.

Alèkile lè yon moun ki konn tande oswa ak wè Yonyeet wè’l fas a fas yo tou rele’l « sa jis waw »,sa jis waw la tou rete kòm yon slogan pou fanatik atis la.

Fòk nou di’w Yonyeet-Novedad pa sèlman Yon Slamorapè men tou li se yon Desinatè,epi li se yon jounalis, nan etid avanse yo lap etidye « KOMINIASYON ».

Chak 9 jiyè rive,kè Yonyeet pa janm kontan paske olye fete anivèsè li,li toujou gen yon bagay ki pa fèl byen ki rivel,se pou sa kounye li menm ak staf li a,ap reflechi pou 9 jiyè 2019 kap vini an pou’l ta vini ak yon albòm pou’l ka tou selebre jou sa.Si 9 jiyè 2018 te enpeche atis pa fete akoz pwoblèm sosyo-politi peyia,fwa sa atis la deside efase move souni 9 jiyè ki te nan paj li yo.

Pou kounye a Atis la nan estidyo kote lap prepare 3 nouvèl mizik pou fanatik li yo,men youn nan mizik moun yo plis ap tann nan se yon mizik ak yon estil diferan kise yon AFRO-RAPA-SLAMA ki gen kòm tit TIAKO IANAO nan lang MALGACH. Si ou renmen atis la ou vle sipòtel ou ka al swiv li sou:
Fesbouk,youtoub,enstagram, sou non :YONYEET-NOVEDAD
Oswa kontaktel sou: +509 44158612

OTOBYOGRAFI
Florestal Wilky

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

QUAVO BRISE LE SILENCE APRÈS LA MORT AU DÉCOLLAGE : “JE NE TE QUITTERAI JAMAIS”

Pour la première fois depuis la mort du rappeur Takeoff, Quavo s’est adressé publiquement à …