AYITI SALÈ MINIMÒM: 750 GOUD VOTE POU SALÈ MINIMÒM NAN CHANM DEPITE A.

Apre depite yo te met tèt ansanm semèn pase a pou te chavire premye minis Jean Henry Ceant, ayè madi 26 mas 2019 la yo mete yo ansanm nan yon seyans sou ogmantasyon salè minimòn nan ki pat janm ogmante depi apre lwa ki te vote nan lane 2009 la.

Gary BODEAU ki se prezidan chanm depite a òganize yon seyans nan chanm depite ayè madi a kote 77 depite vote pou ogmantasyon salè minimòm nan, Kesnel Jean PHILIPPE depite komin Jakmèl la pa vote ni pou ni kont, pa gen okenn depite ki vote kont sa.

Vòt sa ki fèt nan chanm depite a pou ogmantasyon salè travayè yo ap tann kounya sena ayisyen pou bay avi pa yo sou ogmantasyon salè minimòm nan ka finalize malgre anpil nan travayè yo t’ap reklame 800 goud ogmantasyon, sa ap gen pou fèt sou chak kategori yo si sena ta vote menm jan a chanm depite a.

josephjemsley814@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …