FOUTBÒL KONKAKAF/LDN: AYITI KONNEN ADVÈSÈ LI YO POU LIG DÈ NASYON AN.

Ayiti konnen ekip li pwal kwaze nan lid dènasyon Konkakaf lan. Ekip ayisyèn nan trouve li nan lig A, nan gwoup D, ki konpoze de Ayiti, Kostarika epi Kiraso.

Aprè bèl pakou grenadye yo nan eliminatwa nouvèl konpetisyon sa a. Seleksyon ayisyèn nan pwal afwonte de advèsè ki pap fasil. Ayiti te fè yon pakou san fot, 4 match, 4 viktwa, sa ki pèmèt yo fini an premye pozisyon nan kayib lan. Yon premye plas ki bay Ayiti dwa pou l al jwe koup dò a epi entegre lig A a.

Ekip Kostarika a se favori pou ta fini an premye pozisyon paske yo se yonn pi gwo ekip nan zòn nan, Ekip gadyen Real Madrid lan, jwe 4 sou 5 dènye edisyon mondyal yo, aprè meksik, lèzetazini se yo menm. Ayiti pa genyen Kostarika depi 1950. De dènye fwa ayiti jwe ak yo, Kostarika toujou bat 1-0, sa prouve pa gen twòp diferans ant Ayiti e Kostarika men Ayiti dwe travay anpil pou ret nan lig A a, paske advèsè yo ap pi difisil ke ekip li te afwonte nan eliminatwa a. Lot advèsè Ayiti a se kiraso, yon ekip ke genadye yo ka goumen avèl pou dezyèm plas lan. Èske Dukens Nazon pwal make fas ak Keylor Navas?

Peterson Louis

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …