CHANPYONA NASYONAL/SETYÈM JOUNEN: AS BRIYE NAN DÈBI AN, DON BOSCO KRAZE BALTIMORE.

Setyèm jounen chanpyona nasyonal premye divizyon an jwe wikenn 30 e 31 mas 2019 sa a. Fica louvri jounen sa a depi nan samdi ak yon viktwa sou ekip lewogan nan. Alòske ekip Real Hope FA anrejistre premye defèt li nan chanpyona a poutan violette kontinye ap fè Nil.

Yon Setyèm jounen ki te make pa plizyè gwo match tankou dèbi kapwa a ke tout moun tap tann, san bliye Don bosco kont Baltimore ki pa janm yon match fasil.

Men kijan sa te ye:

Fica (2-0) Cavaly
Arcahaie FC (0-1) Triomphe
America FC (2-0) Racing CH
Racing FC (0-1) AS Mirbalais
Real Hope FA (0-2) AS Capoise
Violette (0-0)Ouanaminthe
Tempette (1-0)Cosmopolite
Don Bosco (3-1) Baltimore.

Men bilan 7è jounen an :
7 viktwa.
1 match Nil.
3 viktwa deyò.
4 viktwa adomisil.

13 gòl make.
8 gòl make adomisil.
5 gòl deyò.

Aprè jounen sa a Don Bosco vin pran tèt klasman ak 13 pwen, Real Hope an dezyèm pozisyon ak 13 tou men yon diferans enferyè ak ekip petyonvil lan, an twazyèm pozisyon As gen 12 pwen epi Tempette okipe katryèm plas lan ak 10. Nan ba klasman an Cosmopolite toujou poko ka fè yon viktwa, yo okipe dènye plas lan ak 2 pwen.

Peterson Louis.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …