MILITÈ RIS YO JWENN KADAV YON SOLDA IZWAYELYEN KI TE DISPARÈT NAN LANE 1982.

Izwayelyen yo ki tap chache kadav Zachary Beaumel depi lontan rive jwenn li gras ak lame Larisi ki pèmèt leta ebre a jwenn kò sa ki te disparet depi nan lane 1982 nan peyi Siri daprè deklarasyon prezidan peyi larisi a jedi 4 avril 2019 la apre rankont li avek premye minis izwayelyen an Benyamin Netanyahu.

se gras ak èd lamé siryen epi lame Ris la ki fè yo rive jwenn kadav Zachary beaumel

« Nou kontan dèske li resevwa tout respè ke li merite nan peyi li te fèt la, sak pi enpotan an zanmi li ak fanmi jwenn li yap kapab mete flè sou tonbo li, mwen mande pou nou fè parol sa pase rive jwenn paran solda Zachary Beaumel » se deklarasyon Vladimir poutine.

Premye minis peyi Izwayèl la pa sispann di mèsi ak Vladimir poutine ki montre pozisyon li denye ane yo nan peyi l ak moyen oryan, Konsa Moscou ap gen bon relasyon avek leta ebre yo pandan yo se alye Syrie Bachar el-Assad.

 

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …