AYITI VWAYAJ: PREZIDAN CHANM DEPITE A GARY BODEAU KITE PEYI A POUL AL PATISIPE NAN KONFERANS GLOBAL PALMANTÈ YO NAN WASHINGTON

Sou inisyativ responsab fon monetè entèsyonal (FMI) avèk plizyè responsab enstitisyon finansyè pou òganize konferans global palmantè yo, prezidan chanm depite a Gary BODEAU kite peyi Dayiti jodi dimanch 7 avril 2019 la pou kapab patisipe nan konferans sila kote l’ap gen pou defann enterè ekonomi peyi dayiti.

Chèf reprezantan majorite a Nancy POLESI akonpanye depite komin delma a pou kapab al diskite sou sak gen pou wè a enterè ekonomi nasyon ayisyèn nan.

Pandan vwayaj prezidan chanm depite a nan Washington lap gen pou rankontre kongrè ameriken an pou pale sou plizyè dosye konsènan peyi dayiti.

josephjemsley814@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …