Ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl (MENFP) sòti yon kominike pou fè tout moun an jeneral konnen spesyalman moun kifè pati kominote edikativ lan enskripsyon pou dezyèm sesyon rekale bac pèmanan pou egzamen ane 2018-2019 la ap kòmanse 22 avril pou rive 3 me 2019 la
Ministè a mansyone sèl rekale klas tèminal (filo) k’ap kapab patisipe nan egzamen rekale nan kòmansman mwa jiyè 2019 la enskripsyon yo ap kòmanse pou tout depatman sòti 22 avril pou rive 3 me 2019
Kandida yo ap gen pou fè enskripsyon yo ak fich dènye egzamen filo pase yo oubyen atestasyon ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl bay, de (2) bout foto idantite epi mil senk san goud (1500) pou frè patisipasyon, direksyon jeneral ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl (MEFNP) mande pou direksyon depatmantal edikasyon yo pran tout mezi nesesè pou mete dispozisyon sila an aplikasyon jan kominike a mande sa.
josephjemsley814@gmail.com