CHANPYONAL NASYONAL/9VYÈM JOUNEN: SETYEM MATCH NII POU VIOLETTE.

Chanpyona nasyonal premye divizyon/Nevyèm Jounen: Nouvo lidè, Setyèm match Nil pou violette, Racing CH kraze triomphe, cosmopolite kondane.

Nevyèm jounen chanpyona nasyonal premye divizyon an jwe wikenn 06 ak 07 Avril 2019 lan. Yon jounen ke Real Hope FA louvri depi nan samdi ak yon viktwa sou ekip cavaly an (1-0), viktwa ki pèmèt li pran tèt klasman konpetisyon an aprè match Nil (0-0) ant Don bosco e ASC dyèl ki te genyen ant premye ak twazyèm nan. Alòske violette kontinye ap fè match nil, ekip potoprens lan anrejistre setyèm match Nil nan lakou mibalè avèk ekip lokal lan (1-1), ekip Viollete toujou poko pèdi men se ekip fè plis match Nil nan chanpyona a, alòske ASM kontinye movèz seri l lan, anvan jounen sa a ekip mibalè a te pran yon rakle nan men ekip ouanaminthe lan, yo toujou ap kouri dè yon viktwa. Aprè match san viktwa ekip depatman sant lan ki gen 9 grenn pwen nan klasman ap konnen yon move kòmansman. Poutan ekip Racing CH kraze triomphe (4-1), aprè plizyè match san siksè yo finalman jwenn gou viktwa a sou ekip triomphe lan, ki te rete sou yon viktwa sou Don bosco nan 8è jounen an (1-0). Alòske ekip cosmopolite lan kondane nan dènye plas lan, yo toujou poko janm fè yon viktwa, sel ekip ki poko omwen bat yon match. Jiskilè cosmopolite ap konnen yon siksè nan chanpyona a ? Sitiyasyon Fica pa twò diferan ki tonbe ankò devan piblik li (0-1) kont ekip Baltimore a, ekip capwaz lan k ap konnen yon move seri.

Men rezilta yo an detay :

Samdi
Real Hope FA (1-0) Cavaly
Dimanch
Racing FC (2-1) Ouanaminthe
ASM (1-1) Violette
Arcahaie (1-0) Cosmopolite
Fica (0-1) Baltimore.
Don bosco (0-0) ASC.
Racing CH (4-1) triomphe
Tempête (0-0) America.

Men klasman an.
1-Real Hope FC 17 pwen
2-ASC 16 pwen.
3- Don Bosco 14 pwen.
4- Arcahaie 12 pwen (+3)
5- America 12 pwen ( +2)
6- Rancing FC 11 pwen (+1)
7- Tempête 11 pwen (0)
8- Baltimore 11 pwen (0)
9- Violette 10 pwen (+4)
10- Triomphe 10 pwen (-2)
11- Racing CH 9 pwen (-2)
12- ASM 9 pwen (-5)
13- Ouanaminthe 8 pwen
14 Cavaly 7 pwen
15 Fica 6 pwen
16- Cosmopolite 3 pwen

Peterson Louis.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …