AYITI/POLITIK: GWO DISPOZISYON PRAN DEVAN KOU KASASYON AK LEKOL MAJISTRATI A NAN LAKOU PEYI DAYITI.

Byen bonè maten lendi 8 fevriye 2021 an plizyè kò espesyalize nan lapolis la te pran kontwòl tout wout ki mennen nan antre kou kasasyon an ak nan lekòl majistrati a nan lakou peyi Dayiti.

Dispozisyon sa yo pran tou swit apre arestasyon jij Ivickel Dabrésilki ki akize kòm moun ki ta pral ranplase Jovenel Moïse sou pouvwa a apre yon kou deta echwe selon sa otorite yo fè konnen epi yon bout nan opozisyon an ki pat pran tan pou pwoklame jij Joseph Mécène Jean-Louis prezidan.

Selon otorite yo, yo pran mezi sa yo pou pwoteje batiman yo kont tout derapaj epi plan pou ta kreye plis panik nan peyi a, pou majistra yo ki tap reyaji sou mezi sa yo se yon atak kont jistis la nan peyi a.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …