LIG DÈ CHANPYON/KA DEFINAL: SON BAY TOTTHENHAM VIKTWA A.

Tottenham genyen Manchester City (1-0), jounen madi 09 avril 2019 lan, nan kad 1/4 de final ale lig dèchanpyon an. Nan yon match difisil, Son ofri viktwa a ak fanatik Spurs yo.

Nan yon match Manchester City domine anpil men janmen make, yo te menm jwenn okazyon mennen depi nan premye mitan men Gadyen fransè a, Hugo Lloris te kenbe penaliti Aguero a. Ekip Tottenham nan te fè makaj yo wo, pou bloke tout espas yo, evite jwè Manchester City yo fè konbinezon epi jwenn do defans Spurs lan, yon operasyon reyisi pou jwè Pochetino yo piske se premye match ekip City an pa make nan lig dèchanpyon an.

Tottenham te aksepe soufri pandan tout match lan men toujou byen defann jiska dènye minit. Pou premye match lig dèchanpyon yo nan estad nèf yo a, Tottenham ofri yon viktwa ak fanatik kont yon advèsè difisil ki se Manchester City. Magre plizyè tantativ lakay de ekip yo men yo te oblije antre nan vestyè a sou skò (0-0).

Nan dezyèm mitan an, City kontinye bouskile ekip Tottenham nan, ki kontante l pou l fè kont atak Paske ekip Guardiola a te gen posesyon balon an gen balon an. Teknisyen Espanyòl lan ta pwal fè premye chanjman l nan match foutbòl lan pou sòti Aguero pou antre Jesus sa ki pat pote gran choz pou cityzen yo. Tottenham ta pwal pèdi atakan yo a, Kane ki sòti sou blesi nan (56′) ranplase pa Lucas Mora. Ebyen Son debloke sitiyasyon an nan (76′) minit aprè l elimine plizyè jwè nan Sifas reparasyon an pou tire anba men Ederson ki louvri skò a(1-0) epi make premye gòl ekip Tottenham lan nan lig dèchanpyon, nan estad sa a ki fenk konstwi. Yon estad ki gen yon kapisite 62 mil plas. Skò a pat chanje, Guardiola konnen dezyèm defèt li nan lig dèchanpyon.

Tottenham pran avantaj lan aprè viktwa sa a lakay yo paske ekip city an ap gen obligasyon pou l genyen de gòl anplis nan match retou an pou l ta jwenn kalifikasyon pou 1/4 definal. Seri an toujou rete louvri ant de ekip yo ak yon legè avantaj pou Spurs yo.

Peterson Louis.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …