Nan rekizitwa definitif komisè gouvènman prè kou dapèl tribinal Gonayiv la Yves Matial, ansyen Dg PNH la Godson Orelus pa gen chaj ki kenbe kont li ak Sandra Telusma epi minis enteryè a ak kolektivite teritoryal la Reginald Delva ki te akize nan dosye kagezon zam ki te debake nan vil Senmak nan lane 2016.
Rekizitwa definitif sila mande pou pouswiv plizyè lòt moun nan dosye sila tankou Ronald Nelson ke tout moun konnen sou non Roro Nelson, Jimmy Joseph, Junior Joël Joseph, Monplaisir Édouard, Charles Durant poun site, moun sa yo ta dwe jije pou plizyè akizasyon.