MÉDOR Marie Antoinette ki se pòt pawòl SEMENFP pale ayè madi 9 avril 2019 la sou pwoblèm anplwaye yo ap rankontre depi plizyè mwa nan enstitisyon an kote kondisyon ijèn yo pa bon, yo nan trè move eta, yo pa touche depi plis pase 40 jou, yo pa jwenn ogmantasyon malgre enflasyon an pa sispann grenpe kote pri tout pwodwi yo ogmante.
Pòt pawòl sendika a kritike responsab yo ki pa janm bay pwomosyon ak ogmantasyon pou ansyen anplwaye yo ki gen plizyè lane ap travay, yo pa gen asirans avèk bon tretman men ki diferan pou nouvo anplwaye yo kote se yo ki jwenn pwomosyon ak ogmantasyon paske ministè se an ti zanmi responsab yo ap dirije sitou gwo bra politik ki pa sispann pase responsab yo lòd, li fè konnen minis lan ta nan konfyolo ak kèk manb nan enstitisyon an akoz plizyè kontra li siyen ki pa janm egzekite.
Sekretè jeneral lan fè konnen plis pase karanteyen milyon goud (41 000 000) dekese pou fè reparasyon kote ventwi milyon goud (28 000 000) al jwenn mèt kay la epi trèz milyon goud (13 000 000) nan men ministè pou fè repasyon nan yon espas ki nan fleryo vil Taba k’ap dirije pa kò jeni ki pa janm reyalize
Sekretè jeneral sendika edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl la fè konnen anplwaye yo menase pou kanpe tout travay nan enstitisyon an si responsab yo pa aranje pwoblèm ki anpeche yo fonksyone nòmalman malgre egzamen ofisyèl yo pa lwen pou rive pou ane 2018-2019 la
josephjemsley814@gmail.com