ESPÒ KOPA AMERIKA: AJANTIN AK KOLONBI JWENN BENEDIKSYON POU ÒGANIZE KOPA AMERIKA 2020 AN.

Pou la premye fwa depi konpetisyon sa egziste nan lane 1916 Kopa amerika 2020 an ap gen pou òganize nan de (2) peyi ki se Ajantin ak Kolonbi.

Desizyon sa pran ayè madi 9 avril 2019 la nan vil Rio Janeiro peyi Brezil kap li menm òganize Kopa amerika ane sa soti 14 jwen pou rive sèt (7) jiyè 2019 la, Konsèy CONMEBOL la te reyini sou òganizasyon 47tyèm edisyon konpetisyon an ki pral gen pou dewoule nan de (2) peyi pou premye fwa nan listwa konpetisyon an.

Konsèy CONMEBOL lan pote anpil chanjman nan konpetisyon an kote 10 seleksyon ki nan CONMEBOL yo ak de (2) seleksyon envite yo ap reyini nan de (2) gwoup:
1-Zòn Nò kap gen Kolonbi peyi òganizatè a Brezil, Ekwatè, Pewou, Venezwela ak yon envite.
2-Zòn Sid kap gen Ajantin peyi òganizatè a Irigwe, chili, Bolivi, Paragwe ak youn nan seleksyon envite yo kap bay yon total 38 match.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …