Nan yon lèt tou louvri ki soti 11 avril 2019 la Sena repiblik la mande premye minis nome a Jean Michel Lapin pou pote pyès li yo nan sena pou kapab etidye.
Lèt sila pote siyati prezidan an sena Carl Murat Cantave, ki te fè konnen mèkredi 9 avril pase a prezidan repiblik la Jovenel Moise pat ko di li anyen sou chwa Jean Michel lapin kòm premye minis lan se nan bouch ak sou rezo sosyo yo li te aprann sa. Yon komisyon pral kreye jan sa dwe fèt pou etidye dosye premye minis nome a.