AYITI NOUVÈL: TOUT SA KAP DOMINE AKTYALITE A PA BÒ LAKAY.

Gro bouch louvri nan mitan paran malad yo nan vil Okap jodi mèkredi 17 jiyè 2019 la nan lopital inivèsite Justinien an kote medsen yo kanpe travay depi 12 avril pase a pou mande pi bon kondisyon travay.

Jodi mèkredi 17 avril 2019 la plizyè kò nan lapolis la deplwaye nan divès zòn anba lavil la kote bandi ak zam yo achte pou lajan kontan tankou lasalin, kafou aviyasyon, stasyon Gonayiv, zòn Chansrèl poun site sa yo.

Premye minis nomè Jean Michel Lapin depoze pyès li yo nan chanm depite ayè madi 16 avril 2019 la, nan moman an minis lan tap fè depo pyès yo mesye ki gen zam nan men yo nan zòn Bisantnè lasalin ak zòn anviwon yo pat neglije fè zam yo chante.

Prezidan Repiblik la Jovenel Moise reyaji sou zak ensekirite kap taye banda nan peyi a, nan yon twit prezidan an fè ayè madi 16 avril 2019 li fè konnen li pase lòd pou mare tout bandi kap panike popilasyon an. https://twitter.com/moisejovenel/status/1118337244341964801?s=19

Loyer Laurenceau se non yon polisye ajan 4 ki afekte nan APENA ki touye tèt li nan lannwit madi 16 avril 2019 la nan nan prizon sivil Kwadèboukè a ak yon bal nan tèt selon enfo nou rive jwenn.

Rubens Sébastien Blaise touye Marie Daphney Romulus yon jèn ayisyèn ayè madi 16 avril 2109 la nan peyi Brezil ak 20 kout sizo, selon enfo yo krim sila ta gen rapò jaloulizi paske de moun yo te gen relasyon ansanm depi plizyè lane, Rubens Sébastien Blaise ki ta komèt krim sa ap reponn kesyon lapolis.

Echojounal@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …