AYITI EKONOMI: MACHANN TIGWAV YO RELE ANMWEY POU AJAN FISKALITE YO.

Plizyè machann nan vil Tigwav rele anmwey pou ajan fiskalite meri yo ayè mèkredi 17 avril 2019 la akoz ajan yo pa te vle touche nan men yo pandan yo tal peye jan lalwa mande yo sa.

Machann yo ki te trè an kòlè move kou kong reyini yo ansanm pou rele « abi kou sa pap pase » nan yon ti mouvman yo tap fè devan meri a. Machann yo ki pa rive peye jan sa ta dwe fèt fè konnen ajan yo mande yo pou yo peye plis ke sa yo te konn peye avan an san ke pa genyon nouvo bidjè ki vote.

Machann yo ki te antann yo pou yo pat bay plis ke sa yo te konn peye yo, retounen lakay yo ak lajan yo e anonse yon mouvman kont majistra  Limongy Samson Jean nan jou kap vini yo.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …