AYITI SEKIRITE: MINISTÈ ENTERYÈ AK KOLEKTIVITE TÈRITORYAL YO RELE ANMWE POU AKIZASYON PIERRE ESPERENCE YO.

Ministè enteryè ak kolektivite tèritoryal yo rele anmwe e demanti responsab rezo nasyonal kap defanm dwa moun nan Pierre Esperence ki fè konnen nan plizyè media jou ki te 17 avril 2019 la nan kapital la ke ministè ta nan pase men nan tèt bandi kap taye banda nan peyi a dènye jou sa yo.

Ministè a fè konnen akizasyon sa yo pa kanpe sou anyen men se jis pou sal imaj yo epi fè moun pè, yo fè konnen yo pap janm antre nan anyen ki deyò lalwa, yo tou pwofite mande popilasyon an pridan nan yon seri fo nouvèl kap sikile nan peyi a, e yo deklare ke misyon yo se pèmèt gen sekirite ak la pè nan peyi a.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

France: l’incendie d’une ampleur exceptionnelle dans l’Aude est fixé

Le pire incendie depuis au moins 50 ans sur le pourtour méditerranéen français a été …