AYITI ENSEKIRITE ZEN: ZEN PI RÈD NAN DOSYE OTORITE KI NAN KONKÒDAY AK BANDI.

Apre senatè depatman lwès la Zokiki fin anonse ke kòlèg li senatè Latibonit la Aya gen relasyon telefòn ak chèf bandi vilaj de Dye a Anel Joseph, reyaksyon yo pa sispann galope teren, akizasyon a goch a dwat popilasyon an kontinye ap jere strès epi viktim anba bal nan men bandi pou plezi.

Senatè Jean Renel Senatus deklare sèlman pou mwa fevriye 2019 la Senatè Gracia Delva pale 24 fwa ak bandi Anel nan telefòn, senatè a di li gen tras e dire tout apèl yo e li fè konnen se nan CONATEL li ta rive jwenn tout detay sa yo, direktè CONATEL la Jean David Rodney pa pran tan pou reyaji e voye jete byen lwen sa Prezidan komisyon sekirite ak jistis sena Zokiki di a kòm kwa se CONATEL ki retrase apèl bandi Anel yo ak chantè Mass Konpa a Gracia Delva.

Direktè  Jean David Rodney fè konnen yo pa gen pouvwa sa, yo pa gen ni mwayen teknik ni misyon pou mennen ankèt sou apè pèsòn se sèl konpayi telefòn yo ki kapab fè yon bagay konsa e se sou lòd la jistis pou yo fèl, donk de ki CONATEL senatè a ap pale?

Ansyen depite Delma a Anel Belizaire move kou kong deklare ke se yon konfli fanm ki genyen ant Aya ak Zokiki li trete ansyen komisè gouvènman Pòtoprens lan Jean Renel Senatus de blofè mantè e menm akize senatè a nan sityasyon ki lakoz moun ap mouri anba bal nan zòn lasalin nan dènye tan sa yo, depite a ale pi lwen pou fè konnen pa gen otorite ki pa pale ak bandi e akize ministè enteryè li di ki konn pale ak Anel.

Gracia Delva bò kote pal fè konnen li pa konn bay Anel misyon pou fè zak pou li ni li pa konn ba li zam ak katouch, senatè a di li pa gen konpayi sekirite kap vann zam ni kap fè zam rantre nan peyi a, li di li pa sèl moun ki konn pale nan telefòn a moun, senatè di li prè poul al nan prizon depi Zokiki pwouve sal di yo e bay detay de sa li konn di Ak Chèf Bandi Anel Joseph.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …