AYITI DÈY: KIMBERLY FRANÇOIS ALE, LI KITE DÈY NAN FOUTBÒL AYISYEN AN.

Se avèk anpil tristés nou resevwa nouvèl ki fè konnen Kimberly François pati pou letènite, sa ki mal sonnen nan zòrèy nou antanke jounalis epi fanatik foutbòl nasyonal la.

Li se ansyen bitè ekip Lewogàn nan Kavali epi ansyen bitè Woulado Lagonav ,li tap soufri ak yon tèt fè mal. Malgre tout demach ak anpil efò paran’l fè pou ta sove lavi foutbolè a,natif Difò a pat ka sipòte ankò.

A 36 lane sèlman, Kimberly pati san di yon mo, li kite tout fanmi’l,tout zanmi’l, tout yon lokalite,tout yon komin ak tout mond foutbòl nasyonal la ak dlo nan je.San noi pa bliye resan PDG Grap F la tap prepare pou’l fete 37tyèm anivèsè’l nan sèz (16)jou ankò.

Nan terib sikonstans ki chaje doulè sa YONYEET-NOVEDAD ansanm ak tout jounalis ECHO JOUNAL yo ap prezante tout senpati yo ak fanmi,zanmi,kòlèg san nou pa bliye koyekipye li yo.
*Se pou li repoze an pè*

Florestal Wilky-Simon

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …