ESPÒ/12ZYÈM JOUNEN: REZILTA AK KLASMAN CHANPYONA NASYONAL LA.

Chanpyona nasyonal premye divizyon peyi Dayiti a jwe douzyèm jounen li pandan wikenn nan, li te make ak dèbi kapwa a kote ASC tap resevwa FICA.

Yon dèbi ki fini (0-0) malgre efò atakan tou de (2) ekip yo men se defans yo ki rive fè gwo lo a, ekip Viollette la konnen yon lòt fwa ankò yon match nil devan ekip Don Bosco (1-1) malgre yo te jwenn chemen filè a depi nan 3zyèm minit. Quanaminte ki te gen pou resevwa Racing pa rive jwe.

Rezita tout match yo pou douzyèm jounen an.
Violette AC-Don Bosco FC (1-1)
AS. Mirebalais-Tempete FC (1-0)
Arcahaie FC-Real Hope FA (2-0)
Triomphe AC- Cavaly AS (2-0)
ASC-FICA (2-0)
Cosmopolites-America FC (0-0)
Baltimore-Racing FC (0-1).

Klasman apre douzyèm jounen chanpyona nasyonal seri ouvèti a.
1-ASC 24 pwen
2-Real Hope FA 24
3-Don Bosco 19
4-Arcahaie 19
5-Racing FC 19
6-America FC 16
7-Tempete 15
8-Baltimore 14
9-Triomphe 14
10-Violette 13
11-AS Mirebalais 13
12- FICA 11
13-Quanaminte 9
14- Racing C.H 9
15- AS. Cavaly 8
16- Cosmopolites 7

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …