AYITI ESPÒ ELIMINATWA: AYITI MASPINEN EKIP GIYÀN NAN NAN TWAZYÈM SOTI YO.

Seleksyon nasyonal U17 gason peyi Dayiti a korije ekip Giyàn nan ayè dimanch 5 me 2019 la (6-0) nan kad match eliminatwa Brezil 2019 e tou rache biyè kalifikasyon yo pou uityèm de final.

Seleksyon nasyonal la ki sou twa (3) viktwa youn dèyè lòt (2-0) kont Ondiras, (4-1) kont Salvadò epi (6-0) kont Giyàn ayè dimanch lan sa ki pèmèt grenadye yo fini an premye pozisyon a 9/9. Seleksyon nasyonal la ap gen pou jwe mèkredi 8 me 2019 la ak ekip Sendomeng la, yon viktwa ap pèmèt yo al jwe ka 1/4 de final.

Nap raple sèl ekip ki atenn demi 1/2 final yo ap kalifye dirèk pou koup dimond u17 la kap gen pou dewoule nan dat 5 novanm pou rive 27 novanm 2019 kap vini la nan peyi Brezil.

Hubert.emmanuel@ymail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …