ESPÒ/LIG DÈCHANPYON: TOTTENHAM DETWI RÈV AJAX NAN MATCH RETOU A.

Aprè ekip Tottenham nan te fin tonbe (0-1) lakay yo nan match ale a, jodi mèkredi 8 me 2019 la an deplasman yo reyisi mete fen nan seri viktwa Ajax la gras avèk Lucas Mura ki fè yon triple nan fyèf ekip wolandè a.

Aswè a se fen yon bèl seri viktwa bòkote ekip Ajax la aprè yo te fin elimine ekip ki wa nan lig dèchanpyon an ki se Real Madrid, yo te pase pran Juventus la, se te vrèman yon ekip ki tap kreye sansasyon epi ki te montre yo ka rive nan final.

Malgre M.de Ligt te pèmèt yo ouvri mak la trè bonè depi nan 5′ minit match la yo te (1-0) epi yo te arive double mak la nan 35’minit avèk Ziyech sa pat anpeche ekip Tottenham nan ranvèse sitiyasyon an avèk yon bon Lucas Mura ki make yon triple nan 55′ epi 59′ ak 90+6′ minit nan jwèt la.

Gras avèk triple enpòtan sa brezilyen an make a, sa pèmèt ekip Tottenham nan jwenn biyè kalifikasyon’l pou gran final konpetisyon ki pi prestije pou klèb yo kap gen pou fèt nan vil Madrid kapital peyi Lespay.

Florestal Wilky

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …