ESPÒ/SUD LADIES CUP 2019: AYITI IMILYE EKIP GABON AN POU PREMYE SOTI YO.

Ekip ayisyèn fanm ki gen pou pi piti 20 lane a imilye ayè mèkredi 8 me 2019 la ekip Gabon an (7-0) pou premye soti yo nan konpetisyon SUD LADIES CUP 2019 la.

Ekip ayisyèn nan ki pat parèt twò briyant nan premye mitan match sila ta pran men yo nan dezyèm mitan ak yon sipè Abaina Louis ki ta pral make kat (4) gòl  (59e, 60e, 78e epi 90e+2) epi bay twa (3) pas gòl ak Danielle Étienne (85e), Maille Jean (89e) tout gòl sa yo ta pral vini apre Darlina Joseph ta pral make premye gòl la nan 46zyèm minit.

Ekip ayisyèn fanm nan ki poko gen ventan an (20 tan) demare konpetisyon an ak yon viktwa, ap gen pou twoke kòn li vandredi 10 me 2019 kap vin la ak ekip Lafrans lan.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …