AYITI KOMEMORASYON: SAN YON BON DYALÒG PEYI A PRAL SONBRE NAN ANACHI.

Nan okazyon 216 zyèm anivèsè drapo a samdi 18 me a,prezidan repiblik la mande yon lòt fwa ankò pou tout sektè nan vi nasyonal la chita sou yon menm tab pou yo negosye nan lide pou rezoud pwoblèm peyi a.

« Dyalòg se pa yon chwa,men se yon negosyasyon « ,sa se pawòl ki make diskou prezidan repiblik la, nan priz pawòl li nan gwo dat sa ki vle di anpil bagay nan istwa pèp ayisyen an.

Jovnèl Moyiz di li konsyan,gen anpil pwoblèm kap trakase pèp ayisyen an,ni nivo sosyal,sekirite epi ekonomi,pou li tout bagay sa yo ka rezoud depi gen dyalòg nan mitan pèp ayisyen an. »Peyi a pap ka vin gen estabite ak devlopman toutotan pa gen dyalòg.Pwoblèm grangou ak lamizè epi ensekirite kap taye banda sou teritwa nasyonal la pap ka rezoud » tou, li adresel dirèkteman ak opozisyon politik la nan lide pou yo chita sou menm tap pou yo dyaloge epi chèche solisyon ak pwoblèm peyi a.

Nou dwe dyaloge pou nou ka rezoud pwoblèm peyia sitou inegalite sosyal la. Selon prezidan repiblik si pa gen yon chita pale ant opozisyon an gouvènman, pi devan peyi a ka tonbe nan yon katchouboumbe depi pa gen dyalòg.

Pou li meyè wout kap pèmèt peyi a travèse move moman sa yo se nan dyalòg nap jwenn li.

Florestal Wilky

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …