ESPÒ/KOPA AMERIKA: MEN LIS EKIP BREZIL LA POU KOPA AMERICA A.

Nan yon konferans pou laprès jounen vandredi 17 Me a, seleksyonè Brezil la Tite pibliye ofisyèlman lis 23 brezilyen ki pral jwe kopa America a kap gen pou fèt lakay yo nan peyi Brezil.

Se yon lis ki siprann anpil fanatik ekip jòn ak vèt la avèk absans jèn madrilèn nan Vinicius ki pa genyen non’l enskri nan lis sila alòske jèn brezilyen an te reve seleksyone pou yon premye nan seleksyon an.

Men lis 23 jwè Brezil yo pou Copa America:

GADYEN: Alisson,Ederson ak Cassio.

DEFANSÈ: Alex Sandro,Dani Alves,Eder Militao,Fagner,Filipe Louis,Marquiños,Miranda,T.Silva.

MITAN TÈREN:Allan,Arthur,Casemiro,Fernandinho,Lucas Paqueta,Countinho.

ATAKAN: Neres,Everton,Firmino,Gabriel Jesus,Neymar epi Richardson.

Se konsa Tite prezante lis 23 seleksyone yo nan yon konferans pou la près,deja nou wè se bèl ekip Brezil ki chwazi yon seri bèl jwè kap jwe nan diferan chanpyona,donk nap ret tann pou nou kisa ekip sa pral pote de nouvo pou Copa America,yon koup ekip brezilyèn pa pran depi apre sa 2007 la lè sa li te pase Lajantin 3-0.

Florestal Wilky

Kredi foto: AFP

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …