AYITI ESPÒ: YON RALE MENNEN VINI APRE 15 JOUNE CHANPYONA NASYONAL PREMYE DIVIZYON AN.

01 mas 2019 la pou rive dimanch 19 Me 2019 la, chanpyona nasyonal ayisyen foutbòl premye divizyon bò kote mesye yo te mobilize tout yon popilasyon. Malgre sete sèlman 6 depatman ak 12 vil ki te konsène dirèk, men avèk pou pi piti 400 jwè ki te genyen lisans pou jwe konpetisyon an, chak grenn depatman te genyen pou piti yon grenn reprezantan li nan evèdman sa.

Pami 16 ekip yo , genyen ki te genyen objèktif pou yo te fè pati 6 premye yo nan klasman an, genyen tou ki pat sèlman vle nan 6 la men tou ki te vize premye ak dezyèm plas la ki t’ap bay yo dwa pou yo te repoze epi antre dirèkteman nan demi final yo plis ankò pou se yo ki resevwa an dènye nan kesyon ale retou yo, konsa yo t’ap genyen avantaj teren an .
Men genyen ekip tou kite klè nan tèt yo ke yo pa genyen gwo efektif ak mwayen pou vize tit la men fòk yo jwe pou yo nan mitan tablo a , konsa , sa t’ap anpeche ke yo desann nan dezyèm divizyon ( sa yo rele lanfè a) .

Ebyen aprè 15 joune sa yo, nou kapab byen fasil wè kiyès nan 16 ekip yo ki te pi byen travay, kiyès nan yo kite mal travay oubyen kiyès tou ki pat ni trò byen e ni mal travay tou. Se ka ekip Reyal di Kap la ak ASC ki trè byen travay paske 2 ekip Okap sila okipe premye ak dezyèm plas chanpyona a avèk 9 viktwa , 4 nil e 2 defè , li bay 14 gòl , li pran 7 gòl ki bay yon total 31 pwen plis yon diferans +7 Reyal fini an premye pozisyon
ASC fè 7 viktwa , 7 nil ak yon defèt, li bay 19 gòl , li pran 6 gòl pou bò kote pal li fini nan dezyèm pozisyon avèk 28 pwen ak yon diferans +13 e fòk nou presize pou ou ke ASC se meyè defans ak 6 gòl sèlman li pran an , pandan ke Kavaly li menm se ekip ki genyen pi vye defans lan paske li ankese 23 gòl. 4 lòt ekip te diferansye yo dèyè do 2 ekip Okap yo, se ka ekip AFC an ki twayèm ak 24 pwen, Tanpèt katriyèm ak 24 pwen tou men yon meyè difetans +7 pou Akayè e +5 pou Senmakwa yo
Donbosko senkyèm ak 23 pwen e gras ak meyè atak li an ki se 22 gòl li make an fèl genyen diferans +8
e Resin Gonayiv pran sizyèm plas la ak 23 pwen tou men yo genyen diferans 0 e se 6 ekip sila yo ki fè pi bèl mwayèn nan klas la e se yo tou ki pral livre batay pou tit la.

Si genyen tablo donè, li t’ap enjis si pata genyen tablo dezonè yo.
Nap raplew ke Pi move defans chanpyona se ekip Kavali an ki pran 23 gòl nan konpetisyon an e pi move atak tou se kosmopolit ki make pi piti gòl nan konpetisyon an ke meyè bitè an, ki se Dorlus Eliader ki ap jwe anndan ekip Donbosko Petyonvil la avèk 7 reyalizasyon, ò se 6 gòl sèlman dèlmasyen yo enskri nan premye tou a.
Si chanpyona te fini la : 3 ekip kitap desann se t’ap Fika ki genyen 14 pwen, Kavaly ki genyen 13 pwen e ekip Kosmopolit la ki genyen 10 grenn pwen e li trouve li nan dènye plas la.

Premye gòl chanpyona a te enskri wanament nan premye joune an , nan match ekip wanament kont Reyal di kap e se Louis Livens kite bitè match sa depi nan 3 zyèm minit yo e se nan menm match sa tou ki t’apral genyen premye katon wouj la , se kapitèn Reyal la Blaise Dunel ki te pran li e sete premye viktwa deyò nan chanpyona a paske Reyal te genyen 2-1 malgre li te an mwens

Depi premye joune an kite jwe premye wikenn mas la rive avan dènye wikenn me an sa baw 15 joune, depi premye match ki te jwe nan Estad Sylvio Cator ant Vyolèt kont eki Kosmopolit la rive nan Tanpèt kont ekip Akayè a , sa bay 120 match kite prevwa yo e depi premye gòl ke Louis Livens te enskri nan premye joune a rive nan gòl viktwa ke Jimmy Ordenat te enskri dimanch 19 la nan aswè kont ekip Akayè poul t bay ekil li an viktwa a sa bay 211 gòl pou tout premye pati chanpyona a.
Byen vit si nou ap fè yon ti kalkil, n’ap jwenn yon mwayèn de 1.75 gòl pa match e si ‘n fè 211 gòl la divize pa 15 joune an , li ap ba nou 14.06 pa joune.
Anpil moun ki ap obsève t’ava twouve ke atakan yo pa reyalis ankò preske. Swit ak problèm sa : èske direktè tekni nasyonal la pata dwe adopte lòt estrateji pou avni foutbòl nan peyi?
Ann fèplas pou pleyòf la k’ap kòmanse jedi 23 me 2019 la.

Bell wudlin

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …