ESPÒ/COPA DEL REY: EKIP VALENCE LAN FRENNEN EKIP BARCELONE NAN EPI MAKE ISTWA FINAL JWÈT SA.

Aprè kat (4) lane ekip Barcelone nan fè ap ranpòte koup sa youn apre lòt eben jodia Valence frennen li epi pase kòm ekip ki ranpote tit sa pou yon uityèm fwa.

Se avèk anpil devouman, anpil jistès ekip Valence lan rive mete do Barcelone atè malgre yo tap mennen 2-0 depi nan premye peryòd la, nan dezyèm mitan match la ekip Valence lan tap kouri dèyè balon koz ekip Valverde a tap domine pousantaj match la.

Aprè anpil atak bòkote poulen Valverde yo yo te rive jwenn gòl ki ta pral redui eka a epi mete match la 1-2 gras avèk Leonel Andres Messi aprè yon kònè fin tire gadyen an repouse balon an Messi jwenn rebon an epi mete balon an nan filè.

Gras ak grenn gòl sa entènasyonal Ajanten an tou make listwa jwèt sa kote li pase kòm premye jwè ki fè gòl nan sis final youn apre lòt.

Avèk viktwa 2-1 sa ekip Valans la mete fen nan afè Barcelone kap plede ranpòte koup sa chak ane depi 4 lane.

Florestal Wilky

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …