ESPÒ: YON ANSYEN JWÈ EKIP FC.BARCELONE VINI ANTRENÈ NAN PEYI KATA.

Dirijan klèb Al Asadd yo chwazi ayè madi 28 me 2019 la ansyen vedèt ekip FC.Barcelone nan Xavi Hernandez pou antrenè ekip la uit (8) jou apre Xavi te fin jwe dènye match nan karyè li.

Xavi Hernandez pral ranplase pòtigè Jesualdo Ferreira ke kontra li bout nan tèt ekip Al-Asadd la ke li sot chanpyon avèl nan chanpyona peyi Kata a. Xavi rive nan ekip Al-Assad la nan lane 2015 apre li te fini kite ekip FC.Barcelone nan, klèb ke li ranpòte uit (8) fwa chanpyona nasyonal la (Liga) epi 4 C1. Ansyen milye teren ekip Katalan an ki pote koulè ekip Espay la 133 fwa genyon nouvo stati.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …