AYIT PALMAN: GWO DEBLOZAY NAN PALMAN AN.

Premye minis nome a Jean Michel Lapin pa rive prezante enonse politik jeneral li nan sena a jan sa te anonse a akoz gwoup kat (4)senatè yo te leve byen bonè maten jedi 30 me 2019 la ale kraze chèz biwò koupe fil mikwo epi mete tout bagay nan lakou a.

Yon sityasyon ki ta pral lakoz seyans lan pa rive fèt e ki ta pral mete gwo djèl ant senatè opozisyon yo ak senatè yo di ki pwòch pouvwa a youn tap lanse pawòl piman bouk kont lòt, len tap akize lòt.

Sa fè twazyèm fwa gwoup 4 senatè sa yo kanpe an kwa pou anpeche seyans ratifikasyon enonse politik jeneral premye minis nome a fèt.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …