YON BÈL VIKTWA POU EKIP LAWOLAND LAN KI TOU BA LI BIYÈ POU GRAN FINAL LIGDÈNASYON ZÒN EWOP LA

Tou swit aprè Pòtigal fin selebre viktwa ki pèmèt li kalifye pou gran final la, se kou pa Lawoland ki jwenn kalifikasyon li ayè jedi 6 jwen 2019 la fas ak Angletè, yon match ki fini (3-1) anfavè ekip Wolandèz la.

Se ekip anglè a ki ta pral ouvri eskò a nan 32 zyèm minit gras avèk Marcus Rashford, ekip Lawoland la ta pral egalize nan 73′ minit gras ak De Linght ki mete balon an nan filè aprè yon pas de M.Depay match la te rete (1-1) sa ki voye de ekip yo nan tan pwolongasyon. Ebyen nan premye mitan polongasyon an 2zyèm gòl Wolandè yo ta pral vini avèk Kyle Walker nan 97′ minit epi nan 114′ minit menm Menphis Depay kite sèvi pas desiziv premye gòl Woland la, li ta pral livre pas 3zyèm gòl la avèk Quincy Promes sa ki mete match la 3-1.

Gras avèk viktwa sa Lawoland pase pou li al jwe final konpetisyon sa, deja li konnen advèsè li kise Pòtigal.

Florestal Wilky

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …