AYITI ENSEKIRITE: NÈG AK ZAM ATAKE YON JOUNALIS ECHOJOUNAL E PRAN TOUT SA KI TE SOU LI.

Plizyè nèg ak zam atake nan lannwit 6 jen 2019 la jounalis Jemsley Joseph ki se youn nan redaktè medya an liy Echojounal pandan li tap rantre lakay li nan zòn Kanaran.

Malgre jounalis la te idantifye li sa pat anpeche bandi yo pote ale badj mayo travay li, telefòn avèk plizyè lòt dokiman enpòtan. Jounalis la pat pran tan pou li te al fè yon deklarasyon nan komisarya bon repo malerezman polisye yo fèl konnen se lendi yap ka resevwa li, li ale Kafou awopò yo dil ale kwadèboukè.

Direksyon Echojounal ap enfòme otorite yo ak popilasyon an apre sa ki rive a, ekipman wouj la anile jiska nouvèl òd nenpòt moun ki ta kwaze yon endividi ak mayo wouj près e siy Echojounal la se pa jounalis pa nou sil posib rele lapolis.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …