AYITI VODOU: SEKTÈ VODOU A POTE SIPÒ YO BAY POPILASYON AN AK PREZIDAN REPIBLIK LA JOVENEL MOISE.

Chèf kilt vodou a nan peyi Dayiti ougan Cedral Noëlus ki rekonèt pa leta ayisyen ak wa vodou a Augustin Saint Clou pote sipò yo ak prezidan repiblik la Jovenel Moïse epi pèp ayisyen an nan yon nòt kote yo mande lapè ak tèt ansanm nan mitan nou.

Selon ougan Cedral demisyon prezidan repiblik la pap rezoud pwoblèm peyi a ni limyè pap fèt sou gaspiyaj ki fèt nan lajan petwokaribe a men peyi a pral tonbe nan pi gwo kriz kote nèg pral goumen pou pòs jan sa gentan kòmanse fèt e dosye ap tou antere. Ougan an kritike moun ki di yap defann dosye lajan petwokaribe a pandan yal tante kraze ti sa ki fèt ladann yo kote yè yo atake e kraze vit  » Ciné Triomphe » epi byen prive moun. Ougan an mande pèp la pou yo pa kite pèsòn moun itilize yo pou jere afè pèsonèl yo, chèf kilt la ki rekonèt soufrans kalamite pèp ayisyen an mande prezidan pou pran tout dispozisyon pou soulaje mizè popilasyon an.

Chèf kilt la mande politisyen yo mete tèt ansanm pou yo pran konsyans de eta peyi a olye pou yo ap itilize pitit pèp la nan fè yo kraze ti sa nou genyen yo jis pou defann enterè pa yo.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …