CHRISTIANO RONALDO RANPÒTE YON DEZYÈM TWOFE AK EKIP PÒTIGAL LA

Apre li te fin ranpòte yon gran final koupdewop nan lane 2016 fas ak ekip Lafrans la yon final li pat fin jwe akoz li te blese men li te rive ranpòte twofe a ak ekip Pòtigèz la, ayè dimanch 9 jwen 2019 la, Christiano Ronaldo ranpòte yon lòt twofe ak ekip Pòtigal la.

Se yon dezyèm ki siyen ligdènasyon, yon konpetisyon CR7 pat prèske jwe men li rive deziye meyè bitè konpetisyon sa malgre sou sis (6) match se sèlman de (2) li jwe avan final sa, se li menm ki te bay ekip Pòtigal la biyè kalifikasyon li pou gran final la apre li te fin make yon triple fas ak ekip Laswis la.

CR7 ki kounyea a de (2) twofe nan seleksyon nasyonal li, sa ki ajoute yon lòt paj nan istwa lejand lan, non sèlman li leve koup ligdènasyon an men li ranpòte twofe meyè bitè konpetisyon an.

Florestal Wilky

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …