AYITI/ ATIS: MIXAM-ART YON JÈN ATIS KAP EVOLYE NAN MIZIK AYISYÈN NAN

Vrè non li se SYLVAIN Mixamar ki pa twò diferan de vrè non atis li (Mixam-Art),ki pa ekri menmjan men yo sonnen menmjan sa ki fasilite piblik la konnen talan sa pi byen sou sèn mizikal la.Li se orijinè Kap Ayisyen li,li grandi Croix-Fer yon bèl zòn ki trè koni nan Belladère vil Dumarsais Estimé a.

Mixam-Art pran nesans yon 8 Septanm nan lane 1999 nan Okap. Li se yon slameur epi rapeur sa ki fè nou rele li SLAMORAPEUR ,li se yon dansè (ipòp ak mounwòlk).

L’ap ekri depi nan lane 2014 men se premye janvye nan ane 2019 sa li rive pibliye premye mizik li anrejistre ki titre « Need your love » avèk patisipasyon Melo-D.Yon tèks ki vrèman enteresan kote atis la ap pwouve santiman li gen pou yon fi ,li bezwen lanmou nan men li.

Mixam-Art tapral kontinye, aprè premye piblikasyon an li pibliye yon tèks ki sanse fè plis eko nan mond slam ak rap la deja li melanje estil sa yo nan mizik li trè byen.Fwa sa se avèk yon tèks ki titre « Ap-rann »,yon tit deja ki fè yon jwèt ak mo yo,deja jan li sonnen ak jan li ekri se 2 bagay nètman diferan. Ebyen mizik « AP-RANN » sa rive sou piblik ak fòs sitou li ranpli ak bèl jedemo san konte anpil bèl mesaj ki livre apati de mòso sa,se yon tèks ki gen vwa anpil bèl atis tankou: VENIA & MC GODMAN.

Ap-rann kontinye ap fè chemen li,deja te gen yon tchalenj ki te fèt kote anpil jèn atis te gen yon postè ki gen foto yo ak yon mesaj ki gen pou tit Ap-rann,tchalenj sa te bèl epi enteresan sa ki pèmèt mizik la rive pi lwen toujou,pami atis ki te patisipe nan tchalenj la nou jwenn YONYEET-NOVEDAD ki li menm se yon slamorapeur ki se yon zanmi pwòch Mixam-Art,deja yo grandi nan menm zòn.

Mixam-Art se yon atis ki remen tande kèk lòt pami pigran yo tankou: Baky,BIC,K-Libre,blaze-One,Roody-Roodboy ak J’ose H.Lamy (kise yon gran ekriven) de gran kalib.

NEED YOUR LOVE & AP-RANN se 2 mizik sa yo ki anonse tout chay kap vini dèyè yo,Mixam-Art ki se yon pasyone de mizik,de ekri,de Art an jeneral deja li annonse lòt pwojè kap vini,Donk nap tann yo.

Florestal Wilky

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

QUAVO BRISE LE SILENCE APRÈS LA MORT AU DÉCOLLAGE : “JE NE TE QUITTERAI JAMAIS”

Pour la première fois depuis la mort du rappeur Takeoff, Quavo s’est adressé publiquement à …