ESPÒ KOPA AMERIKA: BREZIL PRAL TOKE KÒN AK BOLIVI POU OUVÈTI KOPA AMERIKA A.

Se nan stad Morumbi an lakay Brezil jodi vandredi 14 jen an Kopa Amerika pral demare avèk yon bèl afich ki pral mete fas a fas seleksyon brezilyèn nan ak seleksyon kolonmbyèn nan.

Yon Kopa Amerika deja ki anonse anpil bèl match ki pral enterese fanatik balon won yo. Se yon ekip Brezil ki pral demare konpetisyon an avèk absans sipèsta yo a parizyen Neymar ki pap ka prezan akoz li te blese,yon blese ki fè’l rate bèl konpetisyon sa. Se Willian antrenè a deja chwazi pou ranplase Neymar.
Se nan vil Sao polo peyi Brezil match sa ap gen pou jwe nan yon stad ki rele morumbi.

Se yon match ki pral kòmanse a 8 tè 30 lè ayisyèn, sou je yon abit ajanten ki rele Nestor Pitana. Ekip Echo jounal deja mobilize pou pote tout detay yo pou tout fanatik foubòl yo, toujou vizite paj echojounal pou’w jwenn tout dènye enfòmasyon konsènan Kopa Amerika.

Florestal Wilky

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …