KOPA AMERIKA: KATA SOVE YON NIL DEVAN EKIP PARAGWE A.

Seleksyon Kata ki tap frape jodi dimanch 16 jwen 2019 la devan ekip Paragwe a nan Estadio Jornalista Mário Filho nan peyi Brezil nan kad premye match yo nan Kopa amerika a sove yon match nil malgre Paragwe tap mennen (2-0) sou yo.

Ekip Paragwe a ki ta pral ouvri skò a byen bònè nan 4tryèm minit yo kote Cardozo ta pral make sou penalite (1-0), D.Gonzalez ta pral make yon dezyèm gòl pou Paragwe nan 56zyèm minit yo (2-0), ekip Kata a pat dekouraje A.Almoez ta pral redui Skò a(2-1) nan 68tyèm minit epi Koukhi ta pral egalize pou Kata nan 77tyèm minit yo e pèmèt Kata sove match nil la (2-2).

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …