Toujou nan gwoup B a ayè madi 19 jen 2019 la ekip Panama a klase ekip Trinidad la (2-0) gras avèk Cooper ak Bàrcenas ki make gòl yo pou Panameyen yo.
Se yon ekip Panamameyèn trè motive pou chèche laviktwa, malgre yo pat jwenn chemen filè a nan premye mitan an sa pat anpeche yo kontinye atake. Se trè bonè nan dezyèm peryòd aprè 8 minit oswa nan 53′ Cooper jwenn chemen filè a pou mete match la (1-0) anfavè panama. Men match la pat rete konsa paske gen Bàrcenace nan 69′ ki ta pral fè yon lòt gòl pou mete match la (2-0). Yon match ki fini sou eskò sa anfavè Panameyen yo.
Aprè bèl viktwa sa ekip Panama a gen kontwòl dezyèm plas la nan gwoup B a apre ekip USA ki premye.
Florestal Wilky