GOLD CUP: REPIBLIK ETWALE A METE PRENSIP SOU GUYANA.

Ayè madi 19 jwen 2019 la nan match ki konsène Gold Cup yo gen ekip Amerikèn nan ki kase met nan men Guyana (4-0), yon ekip Amerikèn ki te san pitye pou ekip Guyana a.

Se ekip USA ki tap domine tout match la avèk yon pousantaj ki te anfavè yo 60% kont 40. Depi nan 28′ minit Arriola ta pral jwenn chemen filè a pou ameriken yo epi mete match la (1-0). Se sou eskò sa ekip yo te antre nan vestyè.

Trè bonè nan dezyèm peryòd la Ameriken yo ta pral jwenn gòl (2-0) a gras ak Boyd, apre dezyèm gòl nan mwens pase senk minit USA fè yon twazyèm gòl pou mete match la (3-0) avèk Zedes ki te make. Se yon match ki te gen anpil entansite ak atak pou make gòl.

Genyen Boyd ki fè yon double nan match la, apre gòl 51′ la li ta pral kuit kawòt la ak yon gòl ki ta pral mete match la 5-0 anfavè Repiblik etwale a.

Aprè triyonf sa ekip etwale a fin fè li klase an premye nan gwoup B a malgre kantite pwen’l genyen an egal ak pwen Panama men li pran Panameyen yo nan diferans gòl.

Florestal Wilky

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …