DENVER, CO - JUNE 19: Teammates hug Martinique forward Kevin Fortune (9) after he scored their third goal of the game during Match 5 of the Concacaf Gold Cup at Mile High Stadium in Denver, Colorado on Wednesday, June 19, 2019. (Photo by Kelsey Brunner/The Denver Post)

GOLD CUP: SELEKSYON MATINIKÈN NAN FWETE KIBA.

Ekip Matinik la te san pitye pou ekip Kiba a nan match ki te mete yo fas a fas nan Gold Cup la ayè mèkredi 19 jwen 2019 la.

Se yon match ki fini an favè Matiniken yo kote yo bat ekip kibèn nan (3-0.)
Se Marveaux ki ta pral fè premy gòl match la pou Matinik nan fen premye mitan swa 45′ jwèt la.

Se te yon ekip matinikèn ki te vini pou lapide kiben yo paske malgre match te sèlman 1-0 an favè Matinik, kiben yo tap eseye retounen nan match la men sa pat rive fèt jiskaske Matinik ta pral tann 70′ minit poul jwenn yon dezyèm gòl gras ak Abaul ki souke filè Kiba epi 6 minit avan match la fini gen Fortune ki fini  ak ekip Kibèn avèk yon twazyèm gòl li make pou pèmèt yo mennen (3-0)

Se yon trè bèl viktwa pou Matiniken yo kap kontinye mete presyon pou ale pi lwen nan konpetisyon an.

Florestal Wilky

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …