GOLD CUP: YON VIKTWA POU GRENADYE YO KI PÈMÈT YO TOU KALIFYE POU KA DE FINAL.

Aprè yon viktwa yo te fè fas ak Bèmid (2-1)nan premye soti yo a,grenadye yo jodi a ankò yo fè yon bèl viktwa fas ak ekip Nikaragua kote yo bat li (2-0).

Se te yon ekip ayisyèn ki te kòmanse jwèt la diferan parapò ak anpil erè yo te fè nan mitan teren ak nan defans yo nan premye soti a, grenadye yo jodi jedi 20 jwen 2019 la ki te parèt pi motive malgre ekip Nikaragwa tap eseye fè jwèt la men poulen Marc Collat yo ta pral fè premye gòl nan match la nan 22 zyèm minit jwèt la gras avèk yon bèl frap de Steven Saba apre yon bèl pas de Dukens Nazon. Aprè selebrasyon gòl sa grenadye yo te an konfyans sa te pèmèt yo pi alèz nan jwèt la epi yo te atake pou yo te ka jwenn lòt gòl.

Bòkote Nikaragweyen yo se pat yon move jwèt ditou paske yo menmtou yo tap mete presyon seleksyon ayisyèn nan, men se te yon ekip ayisyèn ki tap jwe avèk anpil pridans nan defans la. Apre yon bèl atak nan 33zyèm minit match la grenadye ta pral jwenn yon dezyèm gòl apre yon bèl aksyon de Etiene ki drible oswa nou kapab di ki lave defans ekip Nikaragwa a pou mete yon tir ki pat two lou men ki kontre nan pye yon defansè nikaragweyen ki rele Rosas epi ki antre nan filè sa’w tande a 2-0 pou Ayiti. Grenadye yo ki jwe yon bèl premye mitan epi antre nan vestyè a ak avantaj la.

Aprè bèl viktwa sa seleksyon nasyonal la fè a sa tou pèmèt li kalifye pou kadefinal la malgre li rete yon twazyèm match pou’l dispite. Pwochen match grenadye yo pral gen pou jwe se pral fas ak Kosta Rika, yon advèsè ki pap fasil pou ekip Ayisyèn nan.

Florestal Wilky

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …